N'ap viv nan yon titan
N'ap viv nan yon titan,
Lasyans ap fè pwogrè
Lè nou ouvri bib la, se bagay li te ekri
Lèzòm al nan lali-n pou-l kapab abite.
Bondye bay konesans
Pou chanje kè yon nom,
Epi sa ki pi rèd, li fè yo touche lali-n
Men ou menm frè mwen, piga'w pèdi lafwa
Se ròl pwofesi yo kape fini akonpli.
Frè mwen an Jezu-Kris,
Annou lite pou syèl la
Ou menm kape priye miltiplye priyè ou
Ou menm kape preche mande Jezu direksyon
Si ou preche lachè ou met tèt ou nan erè
Lèzòm al nan lali-n y'ap chèche sekirite
Gen lè yo te konprann yo t'ape wè Sovè-a
Lè yo te rive, yo wè se tankou latè
Yo pat wè Letènèl e, pou tan l'ap gade yo.
Pitit Jezu Kri yo piga nou dekouraje
Gen yon jou k'ap vini, nou va jije kòm yon nonm,
E selon sa nou fè, li va bannou pinisyon;
Se sèlman Letènèl ki va genyen dwa sou nou.