Genyen yon bon papa
Genyen yon bon papa
Ki konnen fè tout mirak,
Li konn geri malad
E Li konn chase demon
Li konn chase tristès,
E li resisite mò;
Li konn chase peche,
E li konn sove nanm yo.
Se Jezu bon mèt la,
Li konn fè tout mirak
Li konn geri malad;
Li konnen chase demon,
Jezu bon sovè-a
Konn leve menm moun mouri.
Menm tanpèt avèk van
Li genyen pouvwa sou yo.
Yon jou li t'ap mache,
Li rankontre dis lepre;
men lè yo wè Jezu, yo rele:
Pitye pou nou.
Men yo te panse
Li ta prale lapide yo
Menm lè-a kè-l touche-l,
Li gen konpasyon pou yo,
Li geri yo menm lè,
E yo vini pirifye.
Yon jou l'te sou lanmè
Avèk kèk nan disip yo,
Yon tanpèt te leve,
Bak la prèt pou-l chavire
Jezu te nan domi
Disip yo te pran rele-l
Li leve menl' anlè,
Li di "van fè silans"
Yon jou, yo te mennen ba li
Yon fanm adiltè
Men yo te panse
Li prale lapide fanm nan,
Lè li gade fanm nan,
Li genyen pitye pou li
Li di-l mèt ale men pa fè peche ankò.