Chant d'Espérance Revival
32

Kretyen pa dwe gen tristès

Réveillons-nous Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1

Kretyen pa dwe gen tristès
Tankou moun ki san zespwa;
Men konn ki moun nou ye.
Nou se pitit yon Rwa,
Mwen di nou an verite;
Sa se pawòl sèten,

Refren

Nou dwe kontan,
Nou dwe jwaye
Men zwazo pa seme
Men li viv ere
Jezu va pran swen nou.

2

Men si lòm te gen lespri
Pou yo konnen jan Bondye bon;
Yo ta met tèt ansanm
Yo ta vi-n tankou de pwason
Ki rete nan dlo lanmè;
Si nou te kite Bondye
Kondwi nou jan li vle;
Nou va wè jan sa bèl.

3

Bondye mete pye nan lòm,
Pou-l mache kote li vle,
Li wè sa pa sifi
Toujou pou lòm mache;
Men gen peyi ki lwen anpil,
Li ba yo konesans
Pou fè avyon vole,
Pou y'al kote yo vle.

4

Men lòm te dwe kalkile
Bondye fè yon sèl solèy
Li mete nan syèl,
Pou klere toupatou.
Tout kote nou ye sou tè-a
Men nou wè li nan syèl.
Pa gen yon lòt ankò,
Ala yon Dye ki gran.

Précédent31 · N'ap viv nan yon titanSuivant33 · Vwayaj abò bato selès la