33
Vwayaj abò bato selès la
Réveillons-nous Kreyòl
1
Vwayaj abò bato selès la,
Se vwayaj vè letènite beni
Li va transpòte nou nan yon lye ki wo
Yon peyi de jwa, de pè e de bonè.
Refren
Pli wo ke lèzas
Gen yon bèl vil kote lòm pa ka rive,
Pou rive nan bèl vil sa-a,
Fòk ou pase pa Jezu. Sèl vrè chemen-an.
2
Yon moun ki vle ale nan vil selès la
Men dabò yo dwe jwenn plas yo nan Kris,
Li se sèl vwayajè ki va franchi syèl la,
E mennen kretyen yo nan letènite beni.
3
Men lèzòm vle fikse je yo piro
Y'ap fè rechèch; nou vle vi-n moun nouvo,
Men kretyen prepare nou pou-n ale nan syèl,
Pou-n ale rankontre avèk sovè nou.