35
Gen yon mouvman vrèman evanjelik
Réveillons-nous Kreyòl
1
Gen yon mouvman vrèman evanjelik
Kè tout kretyen dayiti avèk jwa,
Paske mesaj-la sòti nan bib la.
Tout jèn nan asosyasyon Kris sèl espwa.
2
Tout monitè nan lekòl dimanch;
Tout manm legliz-yo bezwen temwaye
Tout moun k-ap viv avèk dekourajman
Kris sèl espwa
3
Ayiti va vrèman pou Leseyè,
Lè tout kretyen vire do bay peche,
Kapab di avèk tout konviksyon
Kris sèl espwa (3 fwa)
4
Tout moun k-ap viv avèk dekourajman:
Sispann plenyen, sispann mare figi'w
Gen yon mesaj ankourajman pou ou
Kris sèl espwa (3 fwa)