Fòk mwen di ou ki kote Kris te pran-m
Fòk mwen di ou ki kote Kris te pran-m;
Pou pa konprann mwen te fèt moun debyen;
Mwen t-ap neye na peche lwen Bondye.
Lamou Jezu fè mwen gras, li chwazi-m
Mwen pa konnen poukisa Kris renmenm
Sèlman mwen wè la glwa li kouvri mwen
Li plen kè sen yo ak lamou, pou mwen
Mwen san pwoblèm, Kris regle tout afè-m
Dyab la renmen-m pase tout lòt pechè,
Yon fwa l'te vin pou'l degize lavi-m
Nan feblès mwen, li t'ap fè-m kriminèl,
Jezu sove-m sa se yon gran mistè.
Se nan fatra Kris te pran-m li lave-m
Li vi-n mete-m nan pami moun sove.
Eske-m pa dwe renmen bon sovè sa-a?
An verite, viv pou Kris ou mouri.
Gen yon lò bagay ki fè-m kontan tout tan
Se lè-m sonje mwen pa moun isiba,
Peyi pa mwen se nan syèl kot Bondye,
Mwen opilan, sovè-m pral vi-n chèche-m
Zanmi mwen yo se pa blag m'ap ba nou,
Se temwayaj sa Jezu fè pou mwen
Eske ou pa vle gen yon plas nan syèl la;
Vi-n bay Kris kè'w, kè'w temwaye non Li