Letènèl pran Samuel
Letènèl pran Samuel,
Yon jou nan yon vizyon
Li voye li lakay Ezayi.
Pou-l ale fè yon rwa
Letènèl ekzòte-l
epa chwazi; si ou chwazi,
Mwen menm mwen va rejte'w.
Piga ou chwazi (2 fwa)
Se mwen menm ki konn sa ma pran (2 fwa)
Se menm jan pou lèzòm,
Yo gade sou po kò;
Yo gade sou sa-k frape je
Mwen menm mwen sonde kè;
Mwen sonde mwèl ak zo.
Mwen konnen tout sa ki bon ak sa ki pa bon.
Festen an kòmanse,
Ezayi aproche
Avèk tout sa ki bon ak sa ki pa bon
Letènèl pat pale;
Jehova pa reponn
Si ou chwazi, mwen menm va rejete ou.
Samyèl priye ankò,
Li mande Ezayi
"Eske ou pa genyen lòt pitit ankò"?
Ezayi reponn:
Mwen rete yon dènye,
Se li menm ki okipe mouton yo;
Si ou vle vini tou jodi-a
Festen-an pap fini san li.