Chant d'Espérance Revival
25

M'ape swiv ou, O bon Sovè mwen

Réveillons-nous Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1

M'ape swiv ou, O bon Sovè mwen,
Nenpòt kote ou prale,
Tout kote ou vle kondwi mwen
Pran devan m'ape mache

Refren

Bon Sovè mwen, m'ape swiv ou,
Ou ki te mouri pou mwen,
Menm si tout lòt moun ta nye ou.
Men Senyè konte sou mwen.

2

Chemen-an te mèt difisil,
San limyè e san tras,
Depi ou la, l'ap vini fasil,
M'ap swiv tras ou, e m'ap mache.

3

Si mwen fèb; si mwen akable,
Si lapenn anvayi kè mwen
M'ape swiv ou ankò san twouble
Wi Senyè konte sou mwen.

4

Si ou mennen-m nan gran jouden-an
Gwo kouran p'ap fè mwen pè,
Paske ou travèse-l anvan-m
Bon Jezu, m'ap swiv ou an pè.

Précédent24 · Chak fwa mwen fè yon bagaySuivant26 · Gen you jou k'ap vini