Chant d'Espérance Revival
22

Ala you mèveye mèveye jou

Réveillons-nous Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1

Ala you mèveye mèveye jou;
Jou m'pa ka janmè bliye.
Lè m'te nan tenèb pèdi nan labou
Jezu sovè-m mwen kontre:
Ala yon zanmi ki gen charite,
Li satisfè-m ak gras li;
Li pran tristès mwen li ban-m alegrès
E li fè tout tenèb mwen pati.

Refren

Syèl la desann plen nanm mwen ak lajwa
Lè sovè mwen te sove-m a lakwa.
Peche-m, tout padone;
Tenèb nan limyè tounen,
Syèl la desann plen nanm mwenn ak lajwa.

2

Fèt de nouvo pa pisans lespri sen,
Li fèm yon pitit Bondye;
Amou kalvè jistifye se sèten,
Li ban-m yon non glorye
Travay sa-a fèt nan yon ti moman
Lè-m repanti nan peche-m
Lè-m aksepte li e lè-m konfese,
O béni non li, li sove-m.

3

Alèkile lesperans ke m'twouve,
Va dire jouk lavi sa-a,
Va fini yon jou, pui m'tou asire,
M'a jwenn yon plas nan syèl la
Tout sa rive, paske yon bèl jou
Mwen te kwè nan Jezu-Kri,
Byenfè yo si bèl ak sali etènèl
Mwen resevwa tout men li.

Précédent21 · Kè mwen boulvèse anba kolè BondyeSuivant23 · Senyè mwen mande ou fòs