Chant d'Espérance Revival
46

Nanm mwen te swaf, mwen pat jwenn satisfaksyon

Réveillons-nous Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1

Nanm mwen te swaf, mwen pat jwenn satisfaksyon;
Plezi lemonn yo te twonpe nanm mwen
Men yon bon jou, mwen t-ap chache soulaje mwen;
Jezu te di-m "vi-n jwen repo nan mwen.

Kè

Wi mwen te jwen li,
bèl sous lavi-a;
Gras a Jezu, ki te mouri pou mwen
San li te koule sou bwa kalvè-a;
E kounye-a, li satisfè kè mwen.

2

Lavi-m te tris, lè-m pa't konnen Jezu
M-pat gen espwa, nanm mwen te boulvèse;
Men gras Bondye te louvri sous lavi-a
M-te jwenn ladann: padon e libète

3

Chè zanmi, O, pou kisa ou mize?
Kouri vini, vi-n jwenn sous lavi-a
Fado peche yo te trò lou pou pote;
Jezu vle ba-ou repo jodi-a

Précédent45 · Eske tout vrè kretyenSuivant47 · Sipoze Bondye te chèche nan syèl