Chant d'Espérance Revival
44

Lè moman-an te pi difisil

Réveillons-nous Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1

Lè moman-an te pi difisil,
Pitit, madanm tonbe malad,
Kouche sou kabann lopital
Ak lapenn mwen pa nan travay.
Yo ban mwen papye preskripsyon
Mezanmi m'pa gen a touche
mwen louvri bra mwen bay Jezu
Se li menm sèl ki ka sove-m.

Refren

Mwen p-ap lache jezu yon may,
Avèk li mwen pi asire
Mwen p-ap kite Jezu sovè-m
Avèk li m-ap genyen viktwa.

2

S-ak te di-m ale kay bòkò,
Ak lajan m-al rele vye loua,
Ajenouye nan pye pechè,
Pitit, madanm mwen pral mouri,
Mwen fè yon ekzamen konsyans,
Si yon nonm te kab bay lavi,
Nonm sila-a pa ta janm mouri
Tout byen sou latè ta pou li.

3

Doktè di m pa genyen espwa
Tou de moun yo prèt pou mouri
Men mwen di: "O non de jezu!
Pa gen anyen dròl k-ap pase"
Tou de moun yo pat k-ab manje
Men demen, yo mande manje
Wuit jou pase yo ekzeyate;
Sou proteksyon Jezu sovè-m.

Précédent43 · A rebò yon chemen ki mennen JerikoSuivant45 · Eske tout vrè kretyen