Chant d'Espérance Revival
42

Lè nou nan dezè-a lè nou gade syèl la

Réveillons-nous Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1

Lè nou nan dezè-a lè nou gade syèl la
N'ap sonje gin lòt kay papa-m al prepare;
Si mwen fè volonte-l, l-ap ban mwen yon kouwòn

Refren

Satan patisipe prèske nan, tout bagay;
Si Jezu pa te la, di mwen sa mwen ta fè (bis 2 liy)

2

Mwen santi-m vle ale; se pase m'ap pase
Mwen pa moun isiba
Vwayajè wout mwen long;
Peyi-m se nan syèl la;
Si Bondye va ede-m

3

Kamyon-an trè chaje;
Gen lè-l pra'l chavire
Bato-a pra'l koule; Jezu se vol dirèk
Se nan li mwen konfye'm.
Se li menm k'ap sovem

4

N'ap priye, satan sa;
N'ap mache satan la
N'ap domi satan la
N'ap jene satan la
Nan misyon satan la; satan nan tout bagay

5

N'ap jwaye e satan la:
N'ap preche satan la,
Nan legliz satan la; nou vire santan la
Nou tounen satan la.
Satan nan tout bagay.

Précédent41 · Lè mwen sèl e dekourajeSuivant43 · A rebò yon chemen ki mennen Jeriko