Chant d'Espérance Revival
39

Mwen t'ape viv nan peche

Réveillons-nous Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1

Mwen t'ape viv nan peche,
Nan lemonn sa-a ki twouble,
E'm te fè anpil bagay mwen pat dwe fè;
Mwen mande joupa nan wout,
Di mwen kote pou'm rete
Pou mwen jwenn lapè la jwa, lamou san fen

Refren

Lòt bò pon-an p'ap gen traka,
Lot bò pon-an, p'ap gen tristès
Solèy klere lòt bò rivyè-a
E mwen p'ape janm gen dlo nan zye'm ankò

2

Seyè Jezu Kris ki rwa mwen,
Jouk mwen tande vwa'l sonnen
Mwen va chante tout mèvey
Li fè pou mwen
Rivyè jouden-an va prè,
Vwa twonpèt la va sonnen
E m'va wè bèl kote lèzòm pa janm wè

3

Lè m'a rive nan syèl la
M'a chita ak byenneme, yo
E m'a chante glwa li pou letènite,
Kè mwen va ranpli ak jwa,
Lè'm va wè vil selès la.

Précédent38 · Gen yon bèl jou lè lavi-m finiSuivant40 · M'konfye nan Dye