40
M'konfye nan Dye
Réveillons-nous Kreyòl
1
M'konfye nan Dye
Nenpòt kote mwen ye,
Ni soulatè, ni nan lamè twouble
Nan tout traka nan lavi sa-a
Papa-m nan syèl la ape veye mwen
Refren
M'konfye-m nan Dye,
M'konnen l'ap pran swen mwen
Nan dezè-a ou nan move chemen
Lanmè pouse-m, Bondye kenbe-m
Papa-m nan syèl la ape veye mwen
2
Li gade flè yo nan chan toupatou,
Li pran swen zwazo k'ap chante pou nou
Jiska la fen l'ap sonje mwen
Papa-m nan syèl la ape veye mwen.
3
Rout la k'ap di, nyaj yo kouvri mwen
Bèje-a gade mouton-l jouk la fen.
Aprè monn sa-a na wè syèl la,
Papa-m nan syèl la, ape veye mwen