41
Lè mwen sèl e dekouraje
Réveillons-nous Kreyòl
1
Lè mwen sèl e dekouraje,
Lè'm pa gen moun pou mwen konfye-m
Mwen konnen Jezu, li toujou la e li konprann
Lè Jesu la, tout tristès ale.
Nanm mwen vi-n kalm, lespri-m vi-n lib
Mwen konnen Jezu toujou la pou'l ede mwen
Refren
Se Jezu sèl ki k'ab konprann mwen,
Se Jezu sèl ki k'ab ede-m,
E pwoteje-m nan tout traka nan lavi sa-a
Se Jezu sèl ki kenbe men-m
Se Jezu sèl ki sekoure-m
Se Jezu sèl, wi limenm sèl ki konn bezwen'm
2
Si ou bezwen li jodi-a
Ou mèt aproche'w bò kwa-a
Mwen konnen Jezu, li toujou la e li konprann
Ou mèt pote tout fado-ou ba li,
E li va rezoud yo pou nou
Mwen konnen Jezu li toujou la pou'l ede mwen