Chant d'Espérance Revival
43

A rebò yon chemen ki mennen Jeriko

Réveillons-nous Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1

A rebò yon chemen ki mennen Jeriko;
Jezu te rankontre yon mandian
Yon vye rad te sou li tou de jel te fèmen,
Li t'ap mande charite.

Refren

Jezu te di "ou mèt ale"! (bis)
Depi menm, lè sa-a li wè

2

Lè ou gade nan Jan chapit 8 vèsè 12,
Jezu di se limenm ki limyè
Moun ki swiv li p'ap janm mache nan nwa ankò
Men li va gen limyè lavi.

3

Pawòl mwen se yon lanp nan pye'w,
Si ou swiv mwen
Yon limyè nan kè nou pou tout tan
Moun ki swiv mwen p'ap janm
Mache nan fè nwa ankò
Men li va gen limyè lavi.

Précédent42 · Lè nou nan dezè-a lè nou gade syèl laSuivant44 · Lè moman-an te pi difisil