Mwen genyen yon bagay ki fè kè mwen kontan
Mwen genyen yon bagay
Ki fè kè mwen kontan;
Anpil moun etone, pou wè kòman-m kontan,
e m'ap toujou kontan
Espwa-m pa sou tè sa-a
Daprè pwomès Bondye
Menm si mwen te grangou,
M-pat gen kay pou-m rete,
M-ape tann gran jou sa-a.
P-ap gen pale franse; konesans
Pral fini; richès pral disparèt
P-ap genyen gwo mesye;
Ni p-ap gen gwo madanm,
Tout moun va menm bagay.
Lè Jezu retounen, li pap vini chèche
Savan ak zotobre; sèlman li va bezwen
Moun ki fè volonte-l, yo va men nan la men.
Pou ou kapab al legliz, fòk ou byen abiye
Sa-k pa gen pou-l mete,
Pa dwe chita kote'w,
Ou ranpli ak lògèy
Sonje sa Kris te di-avèk gran Nikodèm;
"Si w ta vle gen lavi, fòk ou ne de nouvo,
Ou va wè gran jou sa-a.
Anpil moun konvèti, yo pa chèche Bondye,
Y-ape priye sèlman pou kay avèk oto, se bagay k'ap pase yo p'ap
priye Bondye pou padon peche yo
Fòk nou fèt atansyon, paske kay ak oto
P-ap rantre nan syèl la.
Lasyans ape travay, malgre sa se nilman,
Sa kon-n fè mechanste, syans fè'l vin pi mechan, syans pa ka bay lavi
Lòm pa kab chanje lòm, sinon san Jezu-Kri
Menm si'wte lougawou,
Ou te konn touye moun
Jezu kapab chanje'w.