Chant d'Espérance Revival
51

Mwen kontan, kouwòn mwen va yon etwal

Réveillons-nous Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1

Mwen kontan, kouwòn mwen va yon etwal.
Lè'm rive nan bèl pòt syèl la mwen gen yon boukè
E rout la va klere plis pou mwen.

Refren

Travay pou kouwòn nan,
Bèl kouwòn nou-an
Travay pou kouwòn nan,
Ke m'ap pote you jou

2

Kilè mwen va ale nan peyi byennere,
Kote gen rekolt pou tout tan;
Kote ki va genyen anpil ouvriye;
Kote pwomès Kris la akonpli.

3

E kòman pou-m gen yon
Etwal nan kouwòn mwen?
Eske se lè'm rive nan syèl la?
Mwen dwe travay pou non Kris la kounye-a;
Pou wa ki mouri pou mwen.

Précédent50 · Mwen wè sous la ki plen ak sanSuivant52 · Lemonn plen tristès ak mizè