52
Lemonn plen tristès ak mizè
Réveillons-nous Kreyòl
1
Lemonn plen tristès ak mizè;
Kè nou chaje chak jou.
Jezu te wete tout fado yo,
Sou mòn kalvè pou nou.
Refren
Li vle wete tout fado pou ou
Bò kalvè, bò kalvè;
Li vle wete tout fado pou ou.
Li tou pre nou toujou.
2
Lage tout chaj ou sou Jezu;
Pote krent ak sousi;
San Jezu te wete fado nou.
Sou kalvè li mouri.
3
Nanm twouble, Leseyè konnen
Chagren ki nan kè ou;
Men li vle wete tout fado yo
Sou mòn kalvè pou ou.