Chant d'Espérance Revival
53

Jezu mande nou ale vit preche

Réveillons-nous Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1

Jezu mande nou ale vit preche
Bon pawòl la;
Nou gen dwa obeyi li
Jiska lafen monn sa-a

Refren

Ale, gaye toupatou
La pawòl Bondye damou,
Se Kris ki mande: Ale, bay
Byen lwen ak tou pre; priye

2

Priye pou fòs; rete fidèl,
E viv nan pwisans li;
Konsa tout moun va kapab wè'l
E resevwa gras li.

3

Gen anpil moun tou ki deyò;
Kris vle pou yo vini
Lafè nou ede voye moun;
Ranmase yo ba li

Précédent52 · Lemonn plen tristès ak mizèSuivant54 · A la bèl bagay lè yon moun nan Jezu