Chant d'Espérance Revival
55

Lè lavi mwen va fini

Réveillons-nous Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1

Lè lavi mwen va fini,
E mwen janbe riyè-a.
Lè mwen wè briyo
Yon maten glorye.
M'a va konnen redanmtè mwen,
Lè-m rive nan syèl la;
E souri li, va pou mwen yon byenveni.

Refren

M'a va wè li; m'a konnen li;
Lè m-a kanpe bò kote Jezu-Kri
M-a va wè li; m-a konnen li;
Pa mak klou yo li genyen nan mèn li.

2

Ki transpò dalegrès lè mwen va wè li fasafas;
E tout gran amou k-ap briye nan je li;
O, kè mwen va lwe li pou mizerikòd ak gras,
Ki pare pou mwen yon bèl plas nan kay li.

3

Nan bèl peyi anwo-a, mwen genyen kèk byenneme
Mwen sonje lè yo te di mwen orevwa ak gran jwa, va chante,
lè yo wè-m ape rive
Men mwen ta vle wè Sovè mwen premyeman.

4

M-ap antre nan vil sa-a ak yo wòb ki blanch e pi,
Kote p-ap gen soufrans ni tristès ankò.
M-ape chante ak zanj yo nan yon sèl amoni,
Men mwen ta vle wè Sovè mwen premyeman.

Précédent54 · A la bèl bagay lè yon moun nan JezuSuivant56 · Koute vwa Jezu ki nan dezè-a