Koute vwa Jezu ki nan dezè-a
Koute vwa Jezu ki nan dezè-a;
L-ap chèche mouton pèdu yo;
Mouton ki egare nan patiraj la
L-ap fè yo rantre nan pak la.
Vini, vini, mouton ki pèdu yo;
Vini, vi-n jwenn mwen; bèje w ap chache'w;
Men vwa-m nan dezè-a ape rele'w,
E de bra-m louvri pou-m resevwa ou
Vi-n jwenn mwen.
Sonje te gen 100 mouton nan pak la;
Genyen youn ki te egare
Byen lwen nan mòn, lwen nan vale-a;
Li te trouse pye-l l'al chèche-l
Sonje te genyen anfan prodig la;
Li te mande papa-l byen pa-l
E lè-l te pati fi-n depanse yo;
Li te oblije retounen.
Li te lèse katrevin-diznèf yo,
Poul ale chèche yon sèl la.
E lè-l te jwenn li, Li te tèlman kontan
E sou zepòl li, li pote-l.
Ou menm si ou vle vini jodi-a tou,
Konsa, la va resevwa-ou
Ki te pote lòt. O, la sou zepòl li
Ou menm, t-ap vlope ou nan manto-l.