58
Rwa Nebikanetza fè yo leve yon estati
Réveillons-nous Kreyòl
1
Rwa Nebikanetza fè yo leve yon estati;
Li di: Yon moun ki pa vle adore estati sa-a
Se pou yo mare pye-l pou yo lage yo nan fou-a
Te gen twa jenn gason, yo te refize obeyi.
Refren
Yo te genyen konfyans (3 fwa)
Nan Bondye yo t'ap sèvi-a
Tèlman yo te fidèl
Pa menm cheve yo pat boule
2
Twa jenn sa yo sete; Chadrak, Mechak, Abèdnego,
Twa jenn sa yo, te devwe pou yo sèvi Letènèl;
Tèlman yo te fidèl , yo pat vle sèvi satan.
Rwa-a te mare pye yo e te lage yo nan dife-a,
3
Lè rwa sonje twa jenn sa yo ki te nan dife-a,
Li voye al gade: yo vi-n di-l yo wè kat òm
Katriyèm nan, se te anj Bondye ki te pami yo,
Yo t-ap mache nan fou-a, yo t-ap lwe non Bondye.