Jezi se ou menm ki sovè-a
Jezi se ou menm ki sovè-a,
San ou menm mwen pa genyen la vi (3 fwa)
Yo panse fè mwen mal,
Mal chanje anbyen.
Se pou glwa Bondye manifeste.
Yo pran-n, lage-m nan sitèn nan,
Pou m-pèdi lavi materyèl mwen;
Jezu ki kon-n sa li pra-l fè,
Mwen kouri lage mwen nan bra li.
Malgre mwen nan bouch delivrans mwen;
Satan vi-n pou-l lage-m nan lemonn
Jezu ki ranpli ak tout fòs li
Mwen kouri lage mwen nan bra li.
Jezu, menm nan mitan brigan yo
Tou sa mwen fè yo leve kont mwen,
Si ou pa vire zye gade mwen,
Brigan yo ta lage-m nan lemonn.
Malgre mwen nan bouch delivrans mwen,
Mandanm Potifa vi-n pou jete-m;
Madanm Potifa kenbe rad mwen,
Mwen kouri lage vès mwen ba li