Chant d'Espérance Revival
57

Sa fè sink mil ane pase

Réveillons-nous Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1

Sa fè sink mil ane pase
Noé bati lach la, Bondye di
"M-ap voye yon delij pou detwi latè-a,
Zannimo antre andedan-l,
Medizan yo mande
Si Noé panse fè lach la
Sou tè sèk la, l-ap fèl
Ak fanmi-li, Noé antre,
Bondye fèmen pòt la;
Syèl la vin-n sonb,
Zèklè pete; pasyans Bondye kaba

Refren

Ala yon lapli; (2 Fwa)
Li tonbe pandan karant jou
San li pat rete ditou,
Ala yon lapli... (2 Fwa)
Men lach, la vwayaje toujou;
Ala yon lapli

2

Moyiz ale soukont Bondye
Bay pèp-la libète
Rwa Ejip deklare: mwen pap lese esklav ale
Banbòch nan dezè ya.
Men yo tout va rete
Olye mwen lese yo; m'ap fè travay yo redouble
Moyiz reponn: "Ou pral soufri".
Moyiz menm pate pè,
Li kanpe bò rivyè e,
Leve baton li anlè,
Ala yon lapli... (2 fwa)
Sotrèl, krapo, mouch, pou ak grèl
Grengole sou lejip sot nan syèl.
Ala yon lapli; (2 fwa)
Fararon pat kab sipote.
Ala yon lapli...

3

Nan tan Eli an Izrayèl,
Lè rwa Akab reye,
Sechrès te fè twa zan edmi,
Lapli-a pat tonbe.
Akab banboche sou Kamèl,
Pandan Eli priye
6 fwa, nan pwen anyen,
Men Eli pat dekouraje
Byento yon ti nyaj parèt,
Eli te pran kouri;
L'al di Akab: "pou ou prepare ou,
Pou yon kokenn lapli"
Ala yon lapli... (2 fwa)
Syèl la tou nwa, dlo sa te frèt;
Akab rann kont, se pa yon jwèt
Ala yon lapli... (2 fwa)
Lè li rive, li mouye nèt.
Ala yon yon lapli.

4

Anvan Jezu tounen nan syèl, kote li te soti;
Ak onz apòt yo, li promenen jouk nan Betani.
Li di lè-l rive nan syèl la, l-ap voye sentespri.
Donk rete tann nan Jerizalèm
jouk pwisans la vini,
Sanvin disip nan chanmòt la te veye e priye.
Yon van sibit sekwe kay la, benediksyon vide.
Ala yon lapli... (2 fwa)
Bondye voye lesentespri,
Preche chak moun nan lang pa li.
Ala yon lapli... (2 fwa)
Mesaj repann nan tout peyi,
A la yon lapli

Précédent56 · Koute vwa Jezu ki nan dezè-aSuivant58 · Rwa Nebikanetza fè yo leve yon estati