Petèt se pa sou yon gwo montagn
Petèt se pa sou yon gwo montagn
Ni nan yon peyi byen lwen.
Petèt se pa nan yon gran batay,
Menm si mwen pat gen anyen,
M-ap reponn Bondye Ak men w sou mwen
Mwen ale kote ou vle.
Mwen vle ale kote w vle, Bondye
Nan mòn sou lamè nan vale
Mwen va di sa ou vle mwen di Bondye
Petèt jodi-a se pawòl dou
Jezu KRi vle pou-m pale;
Sandout dwe genyen dou rout la tou,
Mwen egare, pou-m chèche.
O, Bon Sovè si ou va gide-m,
E si sou wout la w kenbe-m
Mwen va repete mesaj lavi,
Mwen va di sa ou vle mwen di.
Sètènman genyen yon vye ti plas,
Nan gran rekòt monn sa-a;
Kote-m kab fè menm yon ti kras
Pou Jezu krisifye-a.
M'a mete konfyans mwen nan ou Seyè-m
Paske w te renmen mwen vre,
M'a fè volonte'w chè Sovèm;
Mwen va sa w vle pou mwen ye