Mwen se temwen Jezu Kri
Mwen se temwen Jezu Kri
M-ap twouble bib la;
Lemonn kwè ya jwenn Sovè,
San pa Jezu Kri;
Satan ban-n yon fòs doktrin-n
Pou-n pa fè kòlè;
Ministè sou latè toujou gen finans.
O, oui pou-m temwen, fò-m konnen Jezu
Ka Letènèl te fè li anvan nou te la,
Lòm pa jwenn ak Jezu Kri san pa lesprisen
Alelouya, m'te pèdi men m'trouve lavi.
Abraham pè de lafwa, li pa ka temwen
Anvan Abraham te fèt Jezu Kri te la
Si-m temwen san-m pa konnen pa la verite.
Pou-m temwen, vrè temwen fòm nan Jezu Kri.
Lè-m kwè m-te prè Jeova,
Poutan m-te trè lwen;
Lè mwen ap chanje mo yo m-te vle wè rezon.
Tout pouvwa pou Jezu Kri, nan syèl e latè,
Mwen tap pale vanite, tankou pase van.
Dye twa fwa sen, Jeova atravè lemonn,
Abraham, Izarak e Jakòb, yo pa vrè temwen
Lòm ki vrèman vrè temwen sov Emanyèl,
Glwa a Dye, glwa a Dye,
Jezu Rwa dè rwa!