69
Bondye voye pitit, li rele Jezu
Réveillons-nous Kreyòl
1
Bondye voye pitit, li rele Jezu,
Ki te vini e padone-n.
Li rachte nou e li mete nou lib.
Kounye-a li ak papa-l,
Lap ret tann nou.
Refren
Mwen konnen-l vivan,
M-ap konte sou demen, paske-l vivan
Inkyetid yo ale;
Paske-m konnen; O, m-konnen
Li se tout lavi mwen,
M-ap konte jou pou-l vin-n chèche-m
paske-l vivan.
2
Mwen aksepte tout sa ki rive mwen,
Paske sovè-m ap defann mwen,
Jouden-an mèt devan-m,
Ke mwen p-ap boulvèse.
Paske Jezu-m nan pa mouri,
E li vivan.
3
Tout espwa mwen se sou li sèlman
Paske li di-m l'ap vinn chèche-m
Eprèv nan lavi sa-a pap fèm twouble ditou
Bondye-m nan gran e li vivan
M'ap ret tann li.