70
Mwen kanpe sou tout pwomès de Kris rwa mwen
Réveillons-nous Kreyòl
1
Mwen kanpe sou tout pwomès de Kris rwa mwen,
Pandan letènite M'ap chante lwanj li
Glwa nan tout syèl sa va sijè chan mwen,
Mwen kanpe sou tout pwomès Bondye.
Refren
Kanpe, kanpe, mwen kanpe sou tout
Pwomès ke Bondye fè nou;
Kanpe, kanpe m'ape kanpe
Sou tou pwomès Bondye.
2
Mwen kanpe sou tout pwomès ki pa fayi,
Lè movè tanpèt e tout krent vle koule-m;
Pa pouvwa pawòl Bondye, ma soti vinkè
Mwen kanpe sou tout pwomès Bondye.