Anvan-l te monte nan syèl ale jwenn papa-l
Anvan-l te monte nan syèl ale jwenn papa-l,
Li te kite disip yo, pou preche laverite.
Tout sa-k pa vle kwè levanjil deja kondane
Sa ki obeyi lalwa, prale viv nan syèl avèl.
Jou Jezu desann sou latè avèk lame zanj papa-l yo;
Yon moun ki pa la, ou p'ap pran avyon avè-l,
Jou Jezu desann sou latè
Vi-n chèche tout pitit li yo
Yon moun ki pa la, ou pap pran avyon avèl.
Levanjil preche gratis, yo p'ap aksepte-l
Fòk nou pa konprann dènye
Jou-a nou kab pran daso.
Lè avyon Jezu-a prale, sa-k p'ap
Gen visa fòk nou pa konprann
Rakèk kab voye-n ale avè-l.
Mak 15 ak 16 di nou "ale toupatou;
Al pote levanjil bay tout moun ki sou latè;
Sa ki kwè ki batize, se yo ka sove,
Sa ki meprize levanjil, deja kondane".