74
Mwen se pèleren e vwayajè
Réveillons-nous Kreyòl
1
Mwen se pèleren e vwayajè,
Mwen pap rete toutan sou la tè
E mwen konnen avèk asirans
Ke ma wè Jezu nan syèl.
Kè
Ki gran jou, ki gran jou, jou sa-a va ye
Mwen va ajenouye nan pye-li
Pou-m ball tout onè-l merite
Lè sa-a kè mwen va ranpli avèk jwa
Lè ma wè-m nan bra Jezi.
2
Soufrans pa mwen se pou yon ti tan
Mwen pa plenyen pou pwoblèm la vi
Romen chapit 8 vèsè premye,
Mwen pa gen kondanasyon.
3
Plezi nan mond sa-a pap egare-m
Richès nan mo-n sa-a pap ebranle-m
Jezu deja fè mwen yon pwomès:
Nan syèl, la va pi dous.