75
Moun vle rakonte sa Kris fè pou mwen
Réveillons-nous Kreyòl
1
Moun vle rakonte sa Kris fè pou mwen
Depi-m te jwenn li tout bagay chanje
Nan prizon diab la li ban-m libète
Wi Jezu te delivre-m
2
Tèt mwen te chaje mwen pat gen repo,
Sousi lavi te fè-m vi-n pè lanmò;
Jezu sove-m e mwen pa pè ankò.
Wi Jezu te delivr-m.
3
Chanalite fè-m bliye gras Bondye,
Tout zèv mwen pat bon, peche-m yo te sal;
Men travay Jezu te sifi pou mwen
Wi Jezu te delivrem.
Refren
Jezu te delivre-m (2fwa)
Tenèb peche-m tounen yon bèl klate
Wi Jezu te delivre-m
4
Sa Kris fè pou mwen, la fè-l pou ou tou;
Levanjil la se pou mwen, se pou ou
Sa Kris fè pou mwen, la fèl pou ou tou;
Wi Jezu te delivre-m