Chant d'Espérance Revival
76

Bò pi Jakòb la yon jou le Seyè

Réveillons-nous Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1

Bò pi Jakòb la yon jou le Seyè
Rankontre yon samaritèn
Ki vini pran dlo, Jezu mande li bwè
Fan'm sila etone
Eske'w pa konnen ke jwif avèk samaritèn
Pagen oken'n rapò, pa gen oken relasyon;
Pouki ou mande mwen bwè.
Si ou te konnen ki don Bondye
E kilès ki di ou ball bwè
Se ou menm pito ki ta mande
E mwen Ta ba'w yon bon dlo;
Yon dlo ki p'ap janm fini
E ki va dire nan lavi ou
Pou tout letènite.

Kè

Mezanmi tande mwen jwenn yon Nonm
Ki di mwen tout sa mwen fè,
Nonm sila-a se yon profèt
Eske se pa li menm ki Kris-la!
Mezanmi tande mwen jwenn yon Nonm
Ki di mwen tout sa mwen fè,
Nonm sila-a li se pitit Bondye
Se Li menm ki mesi-a,
Li konnen tout sa ki nan kè mwen.
Sa se yon bagay ki mèvèye!
Li ban mwen yon dlo pou mwen pa jan'm swaf.

2

Lè fan'm nan tande ke Jezu
kapab bali yon dlo pou li pa jan'm swaf,
Fan'm nan etone piplis
Li mande kikote Ou va jwenn bon dlo?
Tou de men ou vid
Ou pa gen anyen pou pran dlo
Eske ou pi gran pase Jakòb ki bay pi sa-a,
Ban mwen yon ti gout ladan'n;
Jezu di fan'm nan kote mari'w,
Ale chache'l, epi vi'n jwenn mwen;
Fan'm nan bay manti, men elas
Pagen Piès moun ki kab' twonpe Jezu.
Ou di ou pa gen mari, e poutan ou pase
senk deja e denye ya pa pou ou.

3

Mezanmi tande
Mwen jwenn yon non'm
Ki ban mwen yon dlo
Pou mwen pa Jan'm swaf (bis 2 liy)
Vini bwè dlo sa-a
Epi swaf ou va pase.

Précédent75 · Moun vle rakonte sa Kris fè pou mwenSuivant77 · Mwen sonje gen yon jou kijan mwen te malad