Gen moun ki konprann ale nan syèl la
Gen moun ki konprann ale nan syèl la
Se tankou pran panye ale nan mache,
Se pa bèl kay, ni lajan ak bèl oto.
Ale nansyèl se pa jan ou konpran nan,
W gen anpil bagay pou fè pou ka ale nan syèl.
Ale nan syèl se pa jan w konpran nan,
W gen anpil travay pou fè pou kab ale.
Malgre n'ap chante, malgre na'p priye
Malgre n'ap jene temwaye tou lè jou,
Epi gen yon moun ki mare sou kè nou
Epi gen yon moun ki mare sou kè nou
Epi nou ront pale de syèl la.
W gen si lontan depi ou nan legliz
Kondwit ou fè wè ke ou pako ketyen,
Renmen an kachèt avèk lemonn yo,
Epi nou konprann pou nale nan syèl.
Ou genyen dwèt long, ou genyen lang long,
Ou genyen 2 madan'm ou genyen 2 menaj
Genlè ou konprann jan wap antre legliz
Se konsa ou prale nan syèl la.