Chant d'Espérance Revival
79

Yon jou m'te pèdi nan chemen an

Réveillons-nous Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1

Yon jou m'te pèdi nan chernen an,
Mwen pat kapab konprann ki kote'm dwe ale,
Men yon moun te vini pran men mwen
E ki te kondwi mwen kote dlo-a byen fre.

Kè

Jezu se Rwa, Jezu se Rwa,
Jezu se Rwa dè Rwa;
Lap vin' chache mwen pou'l
Mennem nan syèl la,
Jezu se Rwa dè Rwa.

2

Depi jou men-l te poze sou mwen
La vi mwen te chanje, e nan'm mwen te vi'n lib.
Nan kè mwen te toujou gen yon chan
Temwaye grandè gran amou li pou mwen,

3

Ala yon si gran jou sa va ye,
Lè Jezu va vini pou'l pran mwen menm ak ou;
Anpil moun va di Seyè, Seyè
Men yo pap kapab antre nan bèl vil selès la.

Précédent78 · Gen moun ki konprann ale nan syèl laSuivant80 · Elas, elas, mwen regrèt sa pou lemon'n