Chant d'Espérance Revival
80

Elas, elas, mwen regrèt sa pou lemon'n

Réveillons-nous Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
Kè

Elas, elas, mwen regrèt sa pou lemon'n
Talè konsa lemon'n pral boulvèse
Elas, elas, mwen regrèt sa pou lemon'n
Talè konsa lemon'n pral dlo nan je.

Pou nenpòt ti bagay
Ou wè you'n mete kouto sou lòt,
Pou nenpòt ti bagay
Ou tande lòm ap tiye lòm,
Lòm pakab gade lòm
Yon moman yo mete'l kadav,
Yap touye, yap jete-ou
Kè yo pa jan'm sote.

Lèzòm fabrike zam
Se pa pou yo touye pye bwa
Lèzòm fabrike zam
Se pa pou touye zannimo,
Lèzòm fabrike zam
Se pou touye lòm parèy yo
Yap touye'w, Yap jete'w
Epi yap banboche.

Akab ak Jezabèl
Met ansan'm pou touye Nabòt,
Akab ak Jezabèl
Te panse Bondye pat wè yo.
Sa pat ' rete konsa
Letènèl te kondane yo,
Se yon ekzanp, yon ekzanp
Bondye trase sou yo.

Précédent79 · Yon jou m'te pèdi nan chemen anSuivant81 · Otrefwa-m te kouche