Mwen renmen chante yon si bèl istwa
Mwen renmen chante yon si bèl istwa,
Depi Kris te santifye mwen,
Ka nan'm mwen te jwenn yon kado lajwa,
Depi Kris te santifye mwen
Mwen pap janm bliye
Jou sa-a dife tonbe
Dife tonbe, dife tonbe,
Mwen pap jan'm bliye
Jou sa-a dife tonbe
Lè Jezu te santifye mwen.
Tout dout ak krent mwen efase
Depi Kris te santifye mwen
Afen li te konble'm ak gras li
Lè Jezi te santifye mwen.
Plezi lemonn vin'n pa enterese'm
Lè Jezu te santifye'm
Lespri tonbe sou mwen kon yon dife
Lè Jezu te santifye mwen.
Mwen pa kapab bay frèm yo manti ankò,
Depi Kris te santifye mwen,
Mwen pa kapab fè tripotaj sou sè yo,
Depi Kris te santifye mwen
Kò mwen vini yon tanp pou Lesentespri
Depi Kris te sanstifye mwen,
Mwen pakab viv nan peche sal ankò
Depi Kris te santifye mwen.