Mwen sonje gen yon jou kijan mwen te malad
Mwen sonje gen yon jou kijan mwen te malad;
Doktè te di'm konsa li pa kwè map sove.
Paran'm te tande sa, yo tout te pran krye
Men Jezu ta pale nan jou sa-a
Mwen pa kapab bliye, bliye jou sa-a
Kòman'w ou vle pou'm ta bliye jou sa-a
Jou'm te jwenn soulajman pou nan'm mwen;
Glwa a Dye (bi)
Lè mwen pat gen Jezu, kè mwen te toujou tris
Mwen pat kapab manje, e mwen pat kapab dòmi,
Lè'm vini jwenn ak Jezu tout bagay te chanje;
A la yon bon zanmi se Jezu.
Lè mwen te nanmond la, m'te toujou ap kriye;
Peche mwen te leve, pwoblèm agòch adwat;
Mwen te remèt Jezi ti rès la.
Jodi-a si gen yon moun ki poko gen Jezu,
Kouri vi'n aksepte'l paske lè-a rive,
Nan Jezu gen la pè, gen lavi nan Jezu
Nan Jezi gen yon lèt kap koule.
Ou menm frè'm, sè'm yo ki deja nan legliz
Fòk ou kapab konnen ke satan frekan,
Met tripotaj atè, mete logèy atè,
Pou satan pa vire men-l pran w.
Ou vle kraze Legliz avèk lanj ou genyen
Ou fè pawòl mache sou do frè
Lang Bondye ba w a, se pou lwe non li
Konvèti'w koulie-a piga'w jwe.