Ale, joli kolonb mesaje Bondye
Ale, joli kolonb mesaje Bondye,
Ale voye mesaj la bay tout lè zimen
Ale nan lesinayi
nan laband de gaza;
Ale oprè dè jwif e oprè dè Arab,
Di yo: Li lè pou yo sispann trennen
Nan yon la vi kot chen ap manje chen
Li lè pou yo siyen yon trete de pè
Paske jistis Bondye pa lwen pou-l vini
Ale di yo sa; se Granmèt la ki voye-ou
Ale di yo sa,
Avni-an kapab apokaliptik
Ale jis anro tèt tribi-n Nasyonzini,
Ale voy e mèsaj bay lemonn antye
Ale pwofite pale ak gwo pwisans yo.
Ale di yo pou yo sispann fabrike zam;
Nan tyè monn la gen moun kinan grangou
Gen timoun k'ap grandi nan malsite
Ki pa men-m gen anyen pou yo manje;
Di yo kilè dyalòg nò-sid la va serye.
Ale nan tout azil, nan tout sanatoryòm,
Ale kote lavi-a pa sanble ak lavi lòm;
Ale kote k'gen inosan k'ap anprizone
Ale di yo pran kouraj pè-n yo pral fini
Ale pale ak tout "Boat People" yo;
Tout moun ke yo frape pou ide yo
Di yo: ya gen chans re wè peyi yo,
paske jistis Bondye-a pa lwen pou-l vini
Ale oprè dè rwa e oprè dè pwisan,
Ale bò moun ki renmen wè espetak san.
Ale di yo Agno Bondye-a an kolè
Ale di yo jou sa-a ki bò yo pral kache?
Ale mache nan tout gran tribinal,
Kote jistis ap vann lajan kontan;
Di jij la yo, se pou yo repanti,
Paske jistis Bondye-a pa lwen pou-l vini
Ale bò l'O.M.S. e bò la F.A.O.
Ale di yo ke tyè monn an konvalesan.
Ale tout bò lakouarouj intènasyonal;
Ale di yo ke survi monn la an danje
Ale pale ak peyi L'OPEP yo
Ki ap monte pri petwòl la byen wo;
Di yo, pou yo genyen pitye pou nou
Paske bidjè tyè monn la deja fin kreve.
Ale, nan tout "night-club" nan tout disko;
Ale kote y-ap pwofite twoke jèn yo.
Ale pwofite pale ak gwo mesye yo
Ale, di yo genyen pitye pou jenès la.
Ale mache nan tout gran bòdèl
Kote y'ap eskplwate fanm de nwi yo,
Di yo: pa kontinye peche ankò,
Paske jistis Bondye-a pa lwen pou-l vini.
Ale nan tout vale nan tout mòn nan tout plènn
Ale konsole sila yo ki aflije
Ale kote pitit Bondye ap mouri grangou
Ale di yo pran kouraj yo va rasazye
Ale pale ak peyizan-l yo ki pa gen yon ti kal tè pou yo travay
Di yo an atandan ya pran kouraj
Paske jistis Bondye-a pa lwen pou-l vini