Chant d'Espérance Revival
68

Lè nou nan lamizè, akable toumante

Réveillons-nous Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1

Lè nou nan lamizè, akable toumante,
Lè la vi nou boulvèse;
Lè nou pèdi espwa;
Lè tout bagay fè nwa,
Lè nou pa wè devan,
Lè tristès nan kè nou,
Lè nou nan lafliksyon
Lè nou vle dekouraje
Leve zye nou anlè,
Epi gade Jezu
N'a santi nou pi fò.

Refren

Jezu! Jezu!
Tanpri ban-nou fòs pou nou lite,
Jezu! Jezu!
Si ou pa kenbe-n nou va tonbe.

2

Pafwa se tantasyon
Chak fwa nou vle fè byen,
Men se mal ki prezante,
Nou gen bòn volonte,
Men twòp difikilte fè nou pèdi lafwa.
Pafwa se maladi, gen de lè se lanmò,
Elas! nou dezespere,
Si nou priye Jezu, ke se nan limenm sèl
Nou gen konsolasyon

3

Se vre nou vle travay,
Nou vle mache pou glwa li,
Men nou manke kouraj
Lè zeprèv yo vini, gen kote nou febli,
Malgre kalamite,
Malgre difikilte;
Men nou pa janm ebranle,
Annou priye Jezu,
Paske se limenm sèl
Ki kab ba nou lajwa.

Précédent67 · Seyè Bondye mwen sezi nan prezans ouSuivant69 · Bondye voye pitit, li rele Jezu