67
Seyè Bondye mwen sezi nan prezans ou
Réveillons-nous Kreyòl
1
Seyè Bondye mwen sezi nan prezans ou,
Lè-m wè monn sa-a ke men ou te kreye,
Zetwal yo la, mwen tande loraj gwonde;
Se pwisans ou tout linivè montre.
Refren
Nanm mwen chante non ou Bondye pwisan:
Ala gran ala ou gran (2 fwa)
2
Lè mwen sonje, Bondye bay sèl pitit li
Pou-l vin mouri, se sa ki touche kè-m
Sou bwa kalvè, li pote tout fado mwen,
San li koule pou wete tout peche-m.
3
Lè Kris parèt, zanj yo va admire li
La pran-m nan syèl nan rejwisans tout tan;
M-a pwostène nan pye-l pou adore li,
E proklame "bondye ala ou gran".