Chant d'Espérance Revival
8

Mwen pa gen moun k'ap separe-m ak Kris

Réveillons-nous Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1

Mwen pa gen moun k'ap separe-m ak Kris (2 fwa)
Mwen sonje byen kòman m'te pèdi;
Nan bafon peche kote m'te ye
Jezu te rachte-m ak san li
Mwen pa gen moun ki kap separe-m ak Kris.

2

Mwen sonje byen kòman m'te esklav,
Jezu-Kri te vini ak san li.
E li te retire-m nan esklavaj,
E li peye dèt peche moun yo,
Mwen pa gen moun k'ap separe-m ak Kris.

3

O Jezu se mèveye pou mwen,
Ki moun ki k'ap separe-m ak Kris?
Jezu-Kri li menm bon bèje.
Li te bay pwòp tèt li pou sove-m,
E li te rachte-m nan men satan.
Ki moun k'ap separe-m ak Kris?

4

Mwen pa kapab bliye soufrans Kris mwen (2 fwa)
Yo te pandye-l anro lakwa,
Yo te souflete li ak kalòt,
E li aksepte tou sa pou mwen.
Ki moun ki k'ap separe-m ak Kris mwen? (2 fwa)

Précédent7 · Pouki moun palè kristal sa-a?Suivant9 · Lè ou konte moun ki pou Jezu, konte-m ladan