Chant d'Espérance Revival
7

Pouki moun palè kristal sa-a?

Réveillons-nous Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1

Pouki moun palè kristal sa-a?
Se pou mwen ak Jezu-Kri,
Pouki moun fotèy an nò yo?
Se pou mwen ak rachte yo.

Refren

Se yon bèl palè kristal
Avèk anpil chèz an nò,
Pou tout moun ki vle ale
Avèk Senyè Jezu.

2

Jerizalèm nan bèl anpil,
Li pi bèl pasè dyaman.
Li sòti kote Bondye menm
E li gen tout glwa Bondye.

3

pa bezwen solèy ak lalin
Pou klere nou jou e nwit;
Men la glwa Bondye va briye
Ekla li va yon flanbo.

4

P'ap gen krent, doulè, ak touman;
Ni lanmò, ni maladi.
Medizans, koutlang va fini
Se lajwa lanmou san fin.

5

Ala yon bèl jou, sa va ye,
Lè twonpèt la va sonnen.
Pou tout mò nan Kris yo leve;
Pou y'al rankontre Jezu.

Précédent6 · Gen de bagay mwen pa dwe konnenSuivant8 · Mwen pa gen moun k'ap separe-m ak Kris