Chant d'Espérance Revival
4

Se pa yon chemen tankou gran ri

Réveillons-nous Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1

Se pa yon chemen tankou gran ri;
Ki plen avèk gwo magazen
E kote tout machin pase,
E ou jwenn tout byen materyèl.

Refren

Nou menm nou jwenn
Yon vrè chemen pou n'ale nan syèl.

2

Se pa yon chemen tankou channmas,
Kote tout moun al pran bon van,
Ki gen frechè, ki gen lonbraj,
E ki te gen jaden ak bèl flè.

3

Mande mwen: ki chemen li ye?
Em-a va di ou; se yon ti chemen;
Yon ti chemen etwat anpil
kote tout moun pa kapab vi-ni.

4

Se yon chemen trè danjere,
Ki gen falèz, ki gen danje
E ki gen tout tan, tout lajounen,
Plen maladi ak pèsekisyon.

5

Ou pa bezwen pè, ou mèt vi-ni;
Si ou vi-ni, ou p'ape sèl;
Ou'ap jwenn repo, lapè, lajwa
Avèk bonè isiba.

Précédent3 · Lè zeprèv yo vi-n, nou mande poukiSuivant5 · Anba lonbraj lakwa Jezu-a