Chant d'Espérance Revival
2

Sa sa fè-m si rout la move

Réveillons-nous Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1

Sa sa fè-m si rout la move
Menm si gen move pa-a
Li konnen byen tou sa l'ap fè
Papa-m ranje-l konsa

Refren

M'ap chante nan solèy nan fè nwa,
Nenpòt sak rive-m m'ap kontan
fò-m chante mwen pa kapab rete
Papa-m ranje-l konsa.

2

Sikonstans yo kapab chanje,
Sa pa fè mwen anyen
Dèske se konsa li chwazi-m,
Plan papa-m bon pou mwen.

3

Li te deja pase rout-la,
L'ap ede-m pazapa,
Mwen gen konfyans, ke santye sa-a
Ap mennen-m nan syèl la.

4

Sèlman limyè ak rejwisans,
Ap tan-n mwen a la fen,
Donk mwen pa pè yon ti soufrans
Papa-m ranje li byen.

Précédent1 · Kòm Bib la menm te diSuivant3 · Lè zeprèv yo vi-n, nou mande pouki