Kòm Bib la menm te di
Kòm Bib la menm te di
n'ap viv nan dènye tan;
Antekris yo deja, toupatou nan lemonn
Ou menm ki te avèti, kenbe Bib ou fò
Lè-a deja rive, Sovè-a pral parèt
Ou menm pechè, vini jwenn Jezu
Fè you retou nan Jezu-Kri;
li si fidèl la sove ou.
Matye 24 pale; lagè ki va rive
Avèk tout katastròf ki va rive toupatou
Vrèman se sa nou wè; sou latè pa gen pè
Se lagè ak soufrans, outraj e lanmò.
Patou sou latè sa-a pa gen sinserite
Se manti ak kout lang; krim, adiltè, lanmò
Bib la te di tou sa; e y'ape fèt chak jou
Dye retire lapè ki te nan lemonn.
Gen anpil jèn gason avèk anpil jèn fi
Yap profite letan, Yap rejwi nan peche
Si yo te gen bon sans, yo ta vi-n jwenn Jezu
Pa gen anyen serye nan vi sou tè-a.