Chant d'Espérance Revival
3

Lè zeprèv yo vi-n, nou mande pouki

Réveillons-nous Kreyòl
▶ Écouter sur YouTube
1

Lè zeprèv yo vi-n, nou mande pouki
Nou bezwen soufri kè atriste?
Poutan lèzot yo ki antoure nou,
Ape rejwi yo menm nan peche

Refren

Pi devan na wè Jezu nan glwa li,
Pi devan n'ape konprann pou ki,
Bon kouraj frè mwen, fè kè ou kontan,
Paske you jou na konprann pou ki.

2

Souvan nou mande pouki nou bezwen
Pase nan rout sa-a pou-n swiv Jezu
Pandan lèzot yo ap viv byen alèz
N'ap bat pou-n chèche lèzam pèdi.

3

Rete fidèl jiska lanmò frè mwen,
Le Senyè Jezu egzòte nou,
Nou va bliye tout traka nou pase,
Lè nou antre nan syèl la yon jou.

4

Byento n'ap la ak Jézu sovè nou,
Nan bèl kay nou, lè li va vi-ni,
Anlè n'ap kontre byeneme nou yo,
Lè sa-a n'ape konprann pouki.

Précédent2 · Sa sa fè-m si rout la moveSuivant4 · Se pa yon chemen tankou gran ri