5
Anba lonbraj lakwa Jezu-a
Réveillons-nous Kreyòl
1
Anba lonbraj lakwa Jezu-a
Se la nou va repoze;
Wi repoze nan gras Bondye
A la bèl bagay lè n'ap mache
Men nou nan men Jezu-kri,
N'ap rete fèm nan gras Bondye.
Refren
Jezu bon bèje ap veye sou nou
Li fè nou pwomès; li p'ap janm dòmi
se pou sa nan bèl kay bèje-a
Mouton yo gen kè poze;
Wi repoze nan gras Bondye.
2
Nan pi bèl patiraj ki genyen
Se la li fè nou manje;
Nan pi bèl zèb anba frechè
Nan pi bèl rivyè k'ap koule,
k'ape koule byen trankil,
Li fè nou bwè, swaf nou pase.
3
Ou menm k'ap travay pou jezu
Ou pa bezwen dekouraje;
Kenbe pi fè-m, ou va rive,
Gras Bondye se benediksyon,
Eske ou pa ta renmen-l tou
Chwazi Jezu jodi-a menm.